OFFICE OF THE SPECIAL ENVOY FOR HAITI

Press Releases   |    In the News   |    Op-Eds   |    Transcripts   |    Multimedia

Press Releases

ANALYZ MONTRE 52.9 POUSAN VERSEMAN TE DEBOUSE PAMI DONATE SEKTE PIBLIK YO POU REYABILITASYON AYITI



Le 9 janvier 2012 - Biwo Nasyonzini pou anvwaye espesyal an Ayiti (OSE) te fè yon dènye analiz sou pwomès ki te fèt pou apre tranbleman tè aktivite pou retablisman peyi a. Yo montre te gen yon nivo dekesman de 52.9 pousan ki te soti de donatè sektè piblik la pou peryòd 2010-2011. Nan lajen donatè bilateral yo te dekese, e ke yo te pwomèt distribyie, 6 pousan te ale kòm sipò pou bidjè ak sistèm peyi a.

Analiz la baze sou dènye kalkul pwomès 55 donatè te fè pou piblik sektè, 31 mas 2010 pandan konferans entènasyonal donatè yo. Donatè sa yo te pwomèt $4,50 milyon dola pou aktivite retablisman an 2010 ak 2011. (chif sila pa enkli pwomès sekou dèt la ki totalize 1milyon dola).

De $4,50 milyon ki te pwomèt, $2,38 milyon dola (52.9 pousan) deja debouse. 2,38 milyon dola te debouse ki pase pa kat filyè:
  • 1,59 milyon dola (67 pousan) nan sibvansyon te bay kom don pou gouvènman Ayisyen, ajans multilateral, ONG ak kontraktè prive
  • 319,9 milyon dola (13 pousan) te pou sipòte bidjè gouvènman Ayisyen
  • 275,8 milyon dola (12 pousan) ki te gwoupe ansam kom sibvansyon pou finansman Nasyonzini, bank Inter-Ameriken pou devlopman, Bank Mondyal atravè Fon Rekonstriksyon pou Ayiti
  • 197,6 milyon dola (8 pousan) nan prè pou gouvènman Ayisyen
Donatè sa yo te fè yon lot debousman anplis pou $654,8 milyon dola pou devlopman jeneral an Ayiti, andeyò pwomès yo te fè nan konferans New York la pou rekiperasyon. Analiz sila pa enkli fon ki te pwomèt pou aktivite sekou imanitè. Li pa enkli fon prive ke òganizasyon prive te pwomèt nan konferans donatè ki te fèt nan New York la.

(Klike la a pou vèsyon an fransé.)

(Klike la a pou vèsyon an anglè.)